mercredi 6 juillet 2016

Dans mwen kraze lezo

Dans mwen kaze lezo
Nan lakou malèpandye
Touttivis mòrèd pwennfèpa
Tout pousyè se poud
Tout poud pa pousyè
Van soufle poudre pwèl
Dekouvri kò
Souse mwèl nan zo
Jouk mizik vi m pwatchwòkò

Menm tanbou yo kagou
Bagèt yo kase
Dwèt mwen sèl vle jwe
Frape san rete kat ti bagèt nan fouk yo

Mizik tanbou lavi m
Son alevini anraje ki vle jwe



Inédit
Tiré de Mizik tanbou lavi
Recueil de poèmes coécrit avec Julner REGISTRE
A paraître bientôt