jeudi 5 mai 2016

Tanbou mizik lavi


Image : www.galeriste.fr


Pousyè lavi leve danse
Anba plat pye trivayè granchenen 
Kap make pa souplas nan gran Lakou 

bagèt ap teke 
dwèt ap souflete
dyòl kat tanbou byen tire 

On mizik flanm tanmen
Vle simaye nan nanm tout tyovi
On piman zanmi lavi 

Konsa nan kalfou malèpandye 
Lanmò mare pakèt li 
Al chita do ak do avèk lavi 


Tèks inedi, 5 mai 2016.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire