vendredi 15 avril 2016

E si yo te konnen ... ayisyen yo !

Si yo te konnen, ayisyen yo
ke chak zetwal Ayiti
jwenn li nan fon kè yo
ke chak flè, chak fri peyi a
ap dòmi nan pla men yo
ke si patri a fatige
boulvèse
vle peri
se sèl tèt ansanm yo ki kap sove l

Si yo te konnen, ayisyen yo
kouman je Ayiti tounen larivyè
anba tout chandeliye sa yo
chandeliye rankin avèk divisyon
chandeliye trayisyon avèk vyolans
chandeliye san avèk lanmò
yo tap kase tèt tounen
pou yo ba l ti priz sik mistik la
ki se tèt ansanm yo nan lanmou

Si yo te konnen, ayisyen yo
ke Ayiti rich tankou swazo nan syèl
yo tap sispann chita kalewès
voye monte on bann diskou san fon
nouri lògèy avèk divisyon
goumen pou pouvwa san nen
anba on dal kadav pouri
on ekip rigòl san ki prale
yo tap goumen pou peyi a pito

Si yo te konnen vre, ayisyen yo
men nan men se fòs peyi a
tèt ansanm se viktwa pou Ayiti
lanmou se sèl boukliye
kap frennen kòbya divisyon an
yo tap sispann jwe jwèt simityè sa
nan lakou Pòtoprens
nan chak vil, chak ti kwen nan peyi a
pou on men nan men sou wout pwogrè.

E Ayiti tap pi gran repiblik sou latè !


Jean Frantz PHILIPPE
Vendredi 15 avril 2016, 11h50 PM

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire